Gen de fwa ou konn wè on moun chita pou kont li on kote, epi li fè on ti souri, osnon li pete on sèl eklari. Ou ka konprann se on atak foli l ap fè—“Foli pran moun tout jan”, se sa nou di—men se on souvni k ap satiyèt lespri li. On souvni, si l ta pataje l avèk ou, ou menm tou, ou ta pete pwòp eklari pa ou, paske souvni sa a, ta bay machin memwa pa ou on kout mannivèl, fè l pati tankou on chen fou ki te chita nan on nich fonmi, osnon on chwal galipòt k ap boulinen nan gran savann, apre li fin plen pans li… Fò ou konn la pou ou al la, Timal!
Souvni se bagay ki jalou. Se menm jan ak baye. On ekip jenngason chita sou on tèt mi, tèt mi katye jeneral yo, ap bay odyans byen pwòp, epi, sanzatann konsa, youn baye. Sa ou tande a, tout nèg pran baye. Ki kalite baye? Baye grangou? Baye dòmi? Baye kò kraz? Baye aryennafè? Baye pa-itil? Baye ann kraze on kite sa? Sa k konnen! Sa k bezwen konnen! Yo tout pran baye, youn dèyè lòt. Si ou pa vire tèt ou, pou ou pa gade espektak sa a, ou menm tou, ou san lè pran baye.
Si nou pa renmen imaj sa a, m ap ban nou on lòt. Souvni jalou pi mal pase pipi. Wi, pipi nou konnen an. Se pa pipi nan kabann, non. Non, pipi lajounen, je klè. On ekip tigason osnon tifi ap jwe, depi youn al pipi, tout lòt yo al pipi tou. Lè konsa ou tande youn di: “M pral fè gaz!” Tout lòt yo, tankou on bann kabrit, on kolonn jako repèt tanmen al fè gaz tou. N a remake yo pa di y al ‘bay’ gaz, non, yo di y al ‘fè’ gaz. Nou esklav abitid. Nou esklav lang nou.
Tan ale, tan pa tounen. Nou ka boulinen monte, boulinen desann. Nou ka avanse, nou ka fè bak. Men tan ki pase, dèyè nou: nou ba l do. Tan k ap vini, devan nou: nou pa gen lonnvi pou nou wè sa l ap pote. Sa k pou nou, se ti grenn souvni yo. Souvni tan pase. Chak moman ki pase nan vi nou, si sikonstans lavi a ban nou chans, si memwa nou pèmèt nou, se on bagay on jou n ap chonje. On bagay on jou n ap vire gade, anndan tèt nou, tankou lè nou nan on fim sinema epi yo montre nou yon aktè k ap fè on vizyon, on kout kamera annaryè sou evennman lavi li.
Tan ale, tan pa tounen. Se vre. Pa gen anyen nou ka fè kont sa. Men nou gen souvni yo ki rete pou nou. Souvni nou kapab pataje ak zanmi, ak fanmi, ak kominote nou, ak lemonn antye.
Nan blòg sa a, Bagay Lakay, Souvni Lakay, nou envite ou vin fè on ti vwayaj retounen nan rasin ou, nan sous ou, nan demanbre ou. Ban nou on ti chans pou nou satiyèt memwa ou. Ou pa p regrèt esperyans lan…

Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.
Atik sa a, se Roro ki te ekri l.
Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.





leave a reply