Oct 21
This entry is part 7 of 9 in the series Dèyè Pawòl, Gen Pawòl
.

M pa chonje ki kote m tande pawòl la—m vle di sou kilès nan diferan radyo ayisyen m abitye tande sou entènèt la, osnon anba ki bouch m pran l bò isit la. ‘Bonjou Entèl pa laverite’, se on pawòl m konnen lontan—m pa menm ka chonje depi ki lè m konnen l: kidonk m te toujou konnen l. Se on pawòl ki klè pou mwen, ki pa gen ni de ni twa sans nan tèt mwen: on sèl la: moun sa a se on moun pa gen okenn pawòl ki sot nan bouch li ki laverite. Li bay manti pou dan ri. Bay manti se metye l. Li malad. Kidonk se tè ki pou geri l—ak maladi bay manti a!

Sa k pi frape m lè m tande pawòl la, se de ki moun y ap pale a, Entèl la—gendwa tou se sa k fè m pa chonje ki moun ki t ap pale a. Entèl yo t ap pale a se te Prezidan Preval; se mwen k ajoute ‘Prezidan’ an, paske yo te jis di: « Bonjou Preval pa laverite! » M tranble lè m tande pawòl la. M pa tranble pou moun ki di l la, pou konsekans sa ka gen pou li. M tranble pou kote nou rive ak pawòl nou jodi a, m tranble pou wòl pawòl vin genyen nan sosyete a. Nan vèsyon demokrasi pa nou an, sanble nou tout dakò nenpòt ki moun kapab di sa l vle, jan l vle, lè l vle, kote l vle, sou moun li vle, san l pa oblije bay prèv si sa l di a se sa. Sanble nou tout nou vin tounen disip Gwo Moso, nou repete pawòl mèt nou: Nou se Ayisyen di peyi, nou gen lalwa djòl nou!

M prèske anvi kase on pari pou m di gen on konplo mèt peyi a yo, mesyedam politisyen yo, fè pou yo lage ‘lalwa djòl’ la ban nou, san mezire, epi pou y ap ban nou an tchenkon ti dwa nou genyen kòm kretyen-vivan nan on ti konngout: dwa pou n jwenn manje, kote pou n dòmi, ti moso levasyon, on ti swenyay… Yo se bon Ayisyen, yo konnen ‘pawòl pa tach’. Yo kite n pale. Yo fè kalkil nou pa p ka fè lontan ap bat bouch nou, paske n a vale twòp van, n a tonbe feblès… Men gendwa se on move pari m kase tou: Mesyedam yo gendwa soud, osnon yo pa fin konprann sa pawòl la vle di toutbon…

Di bonjou gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou. Depi nou piti, granmoun nou fè devwa yo, yo aprann nou di bonjou. Gen anpil timoun ki wondonmon: se pens ak pikwa pou granmoun rive fè yo desere machwè yo, ouvè bouch yo, pou yo di moun bonjou. Men, vle pa vle, prensip la antre nan tèt yo kanmenm—yo konnen si yo pase sou on moun, yo pa di l bonjou, se maledve.

Lè ou fin lave bouch ou lematen, fòk ou di tout granmoun nan kay la bonjou. Lè ou sot deyò tou, tout granmoun ou kontre nan vwazinaj la, se pou ou di yo bonjou. « Bonjou matant! Bonjou tonton! » Sizoka ou ta ‘bliye’ tou, y ap mande ou si yo te dòmi nan menm kabann avè ou ki fè ou ap monte sou yo san ou pa di yo bonjou a. Konmkwa on moun ki kouche bò kote ou, ou pa oblije di l bonjou—paske ta gen garanti moun sa a pa ka lènmi ou!

M pa kwè nou bliye pawòl sa a: lè ou pase sou on moun, ou pa di l bonjou, sitou si sa fèt plizyè fwa, li konsidere se lènmi l ou ye. Paske premye senbòl koupe fache ak on moun, se pase sou li san ou pa salye l, san ou pa di l bonjou—konmsi li pa t la, li pa t egziste. Lè ou pa pale ak on moun, lè ou pa byen avèk li, ou di ‘ou pa gen bonjou avèk li’.

Konsa tou, gen moun si yo konnen yo pa gen anyen ak on lòt moun, epi yo di moun lan bonjou, li pa reponn, y ap fè l konnen se pa vann yo vann li bonjou a, kidonk li pa koute l anyen pou l reponn. Se gratis, ti cheri! Men tout moun granmoun: ou pa ka fòse on moun di ou bonjou, ni tou ou pa ka fòse l reponn ou si ou di l bonjou, sitou si moun lan pa santi l nan nòmal li, si l mal dòmi, si l fè move rèv…

Se afè pa moun lan. Men tou, li te mèt priye Bondye pou kouran jounen an li pa oblije al mande pyès kretyen-vivan ki wout pou l fè pou l rive kote l bezwen. Paske se on bonjou ki pou ouvè pòt pou li. « Di bonjou montre chemen! », se sa nou di. E se sa esperyans lavi nou demontre. Premye pawòl nou tande nan Ti Sentaniz (M. Siksto) pati konsa: ‘Bonjou madanm pi bon pase konn lawout. Pou ou al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi ou gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous Mòn Tayfè, jous Mòn Malanga, pou y al montre ou nenpòt ki kay.’ Men lè ou al mande wout ou san ou pa di bonjou, si ou gen chans, ou tonbe sou on bon moun, l a voye ou al kay Madan Bonjou; men si ou an devenn tou, ou al tonbe sou Monkonpè Teyofil (M. Siksto), l ap voye ou al fè letou peyi a, l ap ‘voye ou al rekonnèt ou’—kidonk al pèdi pou ou aprann lizay.

Kèlkelanswa jan nou chache, kèlkelanswa jan nou fouye, nou pa p jwenn okenn move dosye sou prezans bonjou—se absans bonjou ki kreye pwoblèm. Bonjou se pawòl ki pi dous, ki pi swa ki ka genyen. Si nou ka rive konsidere bonjou on moun pa laverite, sa grav: nou vle di se on bonjou moun lan pa di nou ak tout kè l, on fo bonjou, on bonjou pyèj, on bonjou trèt, on bonjou lènmi. Nou vle di nou pa fè pyès pawòl moun sa a konfyans!

.

bagay lakay logo

Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.

Bookmark and Share

Atik sa a, se Roro ki te ekri l.

Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.


Ki moun


leave a reply

Spam Protection by WP-SpamFree

Bad Behavior has blocked 13 access attempts in the last 7 days.

Proudly using Dynamic Headers by Nicasio WordPress Design SEO Powered by Platinum SEO from Techblissonline Copy Protected by Chetan's WP-CopyProtect.