Gen de nouvèl (osnon zen) on moun tande ki fè ou reflechi anpil. (Nou gen on gwo chans: frè ak sè nou yo gendwa sere ou moso manje, men yo pa p sere ou moso pawòl. Kidonk, se pa okazyon pou on moun reflechi ki manke.) Lòtrejou, etan m chita nan klinik kay doktè ap tann tou pa m, gen on madanm ki vin antre epi li koumanse ap pale: “Bagay sa a rive twò lwen atò. Pou moun yo tonbe ap kidnape atò machann kann kale! Ki kote pou fanmi malere a jwenn lajan pou yo al tire l. Mwen menm, m pale fanmi m yo dèyè a, si you ladan yo ta kite yo kidnape l, li tou chire, paske m pa p gen lajan pou m voye tire l, m pa p gen senk ti wòch, alewè pou m ta jwenn konbyen mil dola …” Continue reading “Soti Nan Kaptè Tonbe Nan Kidnapè” »
Akòz on tous pongongon ki te mete m kouche semenn pase a, m pa t gen chans pou m te suiv okenn nouvèl Ayiti menm. Lè m vin resi pran lari nan dimanch pou m fè on virewon, m santi m on jan etranj, konmsi m te gentan dekonnekte ak nouvèl yo…
Gen on sitwayen ki di: “CPP a 2 a zewo sou Prezidan an: apre Erik Pyè, yo pran Ti Bòb tou!” Nan kè m, m di: Nou mele! On dezyèm reponn: “Ti Rene pa bay Continue reading “Ou Kwè Yo Konn Lajan?” »
Linguistic & Cultural Pearls
Here, you will find Linguistic and Cultural Pearls…
Bèl pèl m rekòlte pou nou…
Weekly posting of commentaries on linguistic and cultural ‘pearls’ collected from different sources: the streets, the schools, the bodegas, the Haitian radios broadcasting on the internet, etc. The focus being on the ‘instrumentalization’ of the language.
Gen tande. Gen koute. Ou ka tande san ou pa ap koute. Men si n vle pran bon son, fò nou mete zòrèy nou an twonpèt pou nou koute byen. Se on aktivite m eseye fè souvan. Kòm rezilta, sa pèmèt mwen rekòlte kèk bèl ti pèl, bèl ti bijou pawoli pou m pataje avèk nou.

Please, drop us a line if you find any dead links, mistakes, mispelled words, etc. If you like this blog as a whole, or just this article, kindly share it with your friends, would you?
Blog post by Roro and Tatán
Please, don’t forget to visit Lakay Graphics where you can browse through our Haiti-inspired Designs and Products.
Dèyè Pawòl, Gen Pawòl

“Dèyè Pawòl Gen Pawòl” conjures up the idea expressed by the proverb “Dèyè mòn, gen mòn”. In short, it will be a weekly investigation into our logomachy, the words we use–words of the day, words from the past, words in synchrony, words in diachrony, all words that purport to convey some meaning about us…
Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.
Atik sa a, se Roro ki te ekri l.
Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.
Ki moun




Recent Comments