Sep 26
This entry is part 3 of 9 in the series Dèyè Pawòl, Gen Pawòl
.

Akòz on tous pongongon ki te mete m kouche semenn pase a, m pa t gen chans pou m te suiv okenn nouvèl Ayiti menm. Lè m vin resi pran lari nan dimanch pou m fè on virewon, m santi m on jan etranj, konmsi m te gentan dekonnekte ak nouvèl yo…

Gen on sitwayen ki di: “CPP a 2 a zewo sou Prezidan an: apre Erik Pyè, yo pran Ti Bòb tou!” Nan kè m, m di: Nou mele! On dezyèm reponn: “Ti Rene pa bay CPP a regle anyen pou li. Suiv pou nou wè. Li pral mare pye depite yo tankou yon ekip kabrit ki antòtye. L ap voye on zo pwason ki pou koke nan gòj yo …” Gen on twzayèm ki di: “Ou toujou nan on pawòl an daki, ou menm! Ou kwè nan Tonton Nwèl. Ou gen lè pa wè se nan tenten Prezidan an ap pase peyi a. Sa k fè ou pa di m sa Prezidan an pral fè pou koze kidnaping lan! Ou pa tande yo pran on doktè, se 300 mil dola ameriken yo mande pou tèt li…”

Pawòl kidnaping lan vin fè bonnanj mwen tounen sou mwen. Malgre m pa gen moun mwen m janm pran nouvèl yo kidnape, depi m tande mo a, san m tresayi. M tande anpil, m tande twòp istwa kidnaping deja. M chonje semenn 6-12 jiyè 2005, m te fè on refleksyon ki te pote tit “Soti Nan Kaptè Tonbe Nan Kidnapè.” Ladan m te rapòte pawòl m te pran nan bouch on madanm nan saldatant klinik on doktè: “Bagay sa a rive twò lwen atò. Pou moun yo tonbe ap kidnape atò machann kann kale! Ki kote pou fanmi malere a jwenn lajan pou yo al tire l? Mwen menm, m pale fanmi m yo dèyè a, si youn ladan yo ta kite yo kidnape l, li tou chire, paske m pa p gen lajan pou m voye tire l, m pa p gen senk ti wòch, alewè pou m ta jwenn konbyen mil dola …”

Anverite pa sèman, se vre, men anverite, anverite twa fwa, m pa kwè moun sa yo, kidnapè yo, konn lajan. Se on pawòl ki toujou domine m. Kidnapè se an dola vèt yo mande pou yo touche. E yo mande anpil lajan. Baze sou ki sa? Nan ka Jak Wòch, se te 50 mil. Nan ka Fara Desous, se te 30 mil. Nou konnen ki jan ka sa yo te fini: malgre kidnapè yo te negosye ak fanmi kidnape yo pou yo ba yo moso nan kòb la, yo pa t kenbe mo yo…

Lè nou pale de ‘konn lajan’, gen yon aspè teknik ladan, menm jan ak ‘konn lè’, ‘konn naje’, ‘konn li’, … Gen on kapasite, on konnesans, ki vin devlope on moman kay on moun. ‘Konn lajan’ vle di kapasite pou on moun rekonèt chak pyès lajan, chak biyè ki egziste nan milye kote l ap evolye a. Se pa sèlman rekonèt, se tou kapasite pou l mete yo ansanm, pou l fè operasyon matematik ki nesesè: adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, divizyon, selon moman an. Kidonk ‘konn lajan’, se kapab fè total, kapab renmèt monnen, kapab kalkile konbe fwa lavalè, kapab kalkile konbyen chak moun dwe jwenn lè on pataj kòb ap fèt dapre divizyon egal-ego, pa egzanp.

Si ‘konn lajan’ genyen on aspè teknik, n ap kapab idantifye moun ki po ko konn lajan, moun n ap kapab montre lajan. Epitou, konnesans sa a, kapasite sa a, li kapab diminye osnon disparèt: moun ki pati al peyi etranje, sitou apre yo fin fè on bon tan ap viv deyò, lè yo retounen lakay, yo konn bliye kòb la, kidonk yo pèdi abitid sèvi ak kòb la, sitou si kòb la limenm chanje fòm, chanje non, chanje valè.

Gen anpil blag m te konnen lè m te timoun, blag sou moun ki te pati al Nouyòk, epi lè yo retounen, yo te bliye kòb peyi a: dola, kwatè, daym, neko, te vin nan konpetisyon ak senk goud, goud, degouden, ven kòb, dis kòb… Lè pou moun sa yo te achte on bagay, fò yo te genyen on patizan yo ki te la, pou yo pa t bay machann lan kòb an plis, osnon pou machann lan pa t pase sou yo lè l t ap ba yo monnen.

Se sèl senk kòb penich ki sanble li pa t gen fontyè. Konmkwa on senk kòb Tonton Nò ak on senk kòb wouj, on senk kòb penich Lengkòl pa t gen diferans tonton – palmis. Epitou, senk kòb penich yo, se pa bokit dyaspora yo (eskize se lizay: yo po t ko rele yo dyaspora lè sa a) te debake avèk yo. Pou nou menm, timoun, se ranmase yo te ranmase yo atè, nan lari Nouyòk. Menm jan nou te konnen boutèy nan Nouyòk t ap flannen toupatou, pou sa k bezwen: se pa t bagay yo te lave pou yo vann limonad ak byè peyi… Nou chak te konn jwenn on voyay senkòb penich pou n depanse san konte. Nou pa t konn kòb…

Konn lajan, konn kòb, se konn valè lajan an. Se konnen ki sa yo fè ak lajan. Konn enpòtans li. Konn itilite l. Wi, se sa menm m vle di: gen moun, tankou kidnapè yo, ki pa konn ki sa pou yo fè avèk lajan. Yo jis mande on chif konsa, san yo pa konnen sa sa vle di, san yo pa konnen ki valè kòb yo mande a. Yo pa konnen ni si yo mande twòp, ni si yo pa mande ase. Yo jis mande on kòb. Kèlkeswa moun yo kidnape a. Piti menm pri, gwo menm pri. Tankou lè manman yo te konn al achte soulye pou yo: n ap pran on gwo, n a boure l, konsa lè lè a rive pou ou konminye, ou a tou gen soulye… Osnon, pa bay tèt ou poblèm, pèp la sòt, li pa konn lajan: kèlkelanswa sa ou mande li a, l ap degaje l kou Mèt Janjak pote l ba ou… Adyeridan!

Doktè Bijou, peyi a fou. Tanpri souple, fè on bagay pou nou! Pitit pitit nou yo a renmèt pitit pitit ou yo sa…

.

bagay lakay logo

Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.

Bookmark and Share

Atik sa a, se Roro ki te ekri l.

Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.


Ki moun


leave a reply

Spam Protection by WP-SpamFree

Bad Behavior has blocked 97 access attempts in the last 7 days.

Proudly using Dynamic Headers by Nicasio WordPress Design SEO Powered by Platinum SEO from Techblissonline Copy Protected by Chetan's WP-CopyProtect.