M konn tande reklam sou radyo ann Ayiti pou on pwodui yo rele Idòl. Nan youn nan reklam yo, on dam di:
Idòl fè m bèl, li fè m klè. Bref, li fè m pwòp.
Nan yon lòt reklam, gen on nèg ki di:
Si m di chanpou, savon, benduil, krèm Idòl, se bagay ki sot ann Ewòp, donk yo pa ka pa bon. Èske se djòlè?
Gen de kwa pou nou reflechi.
- Nou ka wè ‘fè m klè’ tankou on pawòl ki vin kore ‘fè m bèl’: ‘M bèl, paske m klè; si m pa klè, m pa bèl’. Kidonk moun ki pa gen po klè, po jòn, moun ki pa grimèl, yo pa bèl.
- Nou pa oblije wè konneksyon ant bèl ak klè: Idòl fè 2 aksyon—‘li fè m bèl, epi li fè m klè tou’. Idòl fè tout fi bèl, epi li eklèsi po yo: si ou te klè, li fè ou vin pi klè… pètèt menm, ou ka rive vin blan on jou!
- Kòm Idòl se ann Ewòp li soti, kontinan moun blan, bon bagay, mirak la ka rive fèt.
Wòl on reklam se vann on pwodui, men ki fè reklam yo, yo vann nou on pakèt lòt bagay—tankou prejije yo!
Reklam Idòl
Reklam #1
[Mizik…
[On vwa fi: F] Nan lavi sa a, chak moun gen idol yo, tande. Mwen menm, idòl pa m, se… [tankou l ap tann on moun bay repons lan]
[On vwa gason: G] Se mizik! Gad jan ou ap bouje!
F: Se la ou twonpe ou la wi, menn. Idòl pa m se pwodui Idòl.
G: T’as raison ma belle. Ma femme aussi, elle se sert des produits Idole. D’ailleurs ou konn wè l: po l fen, soup, santi bon, bèl moun…
F: Mon cher, mon expérience de femme montre m ke pwodui idòl yo, kit se savon, krèm, lèt, yo retire tach bouton, yo fè ou bèl, yo netwaye po ou. Idòl fè m bèl, li fè m klè. Bref, li fè m pwòp. Regarde-moi!
G: Se nòrmal pou ou ta sèvi avèk idòl, ou konn gou bouch ou. Disons que tu es une femme idolâtrée.
F: Tu l’as bien dit, mon idole.
G: Sa m pi renmen nan pwodui idòl yo, que se savon, krèm, pomad, chanpou, se jan machann yo di l la. “Idòl! Men idòl! Men idòl! Idòl fè m klè!…
F: Hey, toi, tu es plaisant! Idole, en vente partout. Pour toutes vos commandes, appelez …
…mizik]
Reklam #2 [Menm 2 moun reklam #1 an]
[Mizik… (menm mizik la tou)
G: Idòl! Men idòl! Men idòl! Idòl fè m vann!
F: Ou tounen ak bagay sa a ankò?
G: Se pa mwen menm. Se machann yo. Yo fyè lè y ap vann Idòl.
F: Mon cher, yo gen rezon fyèr la. Se mwen k pou di ou, en tant que femme, tout sa Idòl fè pou mwen. Le savon, shampooing, … bain d’huile. Regarde mes cheveux. Tu peux juger par toi-même, hein!
G: Ou mèt fè ti djòlè, ou gen ti bagay nan tèt ou, wi!
F: Alò ou panse gen nèg ki djòlè pase ou?
G: Si m di savon Idòl bon pou po, li retire tach ak bouton, èske se djòlè?
F: Non!
G: Si m di chanpou, savon, benduil, krèm Idòl, se bagay ki sot ann Ewòp, donk yo pa ka pa bon. Èske se djòlè?
F: Non!
G: Si m di pa gen nèg ki pwononse Idòl pi byen pase m, èske se djòlè?
F: Monchè, la a se djòlè nèt ale!
G: Djòlè pou bon bagay!
F: Isdòl: savon, chanpou, rens, benduil, krèm pou po. Mais c’est Idole!
G: Idòl, en vente partout!

Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.
![]()
Blog post by Roro
Please, don’t forget to visit Lakay Graphics where you can browse through our Haiti-inspired Designs and Products.




leave a reply