Lè m kanpe on kote, m tande jenn timoun k ap pale, pa gen anyen ki sot nan bouch yo ki etone m. Sa m di nou la a, kwè m si n vle, se pawòl esperyans. Jenn tifi ak jenn tigason, kit yo te wè gen granmoun la, kit yo te antre yo menm, yo pale tout bagay, san rezèv: afè pèsonèl yo, kou afè lòt moun, mele ak on ekip gwo mo sal, on batle gwo betiz rèk. Ou ta di, m fin abitye, zòrèy mwen pa tande yo ankò! Non, gen on bagay ki pran kontwòl bonnanj mwen, on defo m genyen: yo rele sa defòmasyon pwofesyonèl. Kidonk se pa fòt mwen si m pa ka tande vwa moun k ap pale pou zòrèy mwen pa anrejistre son yo.
— “Ou bay manti twòp, machè! Sa ou di a, se pa vre! Ou manti kou chen!” — “Bon pawòl m ba ou, se pa manti. M ka fè nenpòt sèman ba ou.” — “Ou pa bezwen pèdi tan ou. M pa p janm kwè ou, paske sèman konnen ou, ou menm!”
M pantan lè m tande konvèsasyon sa a. M pa t atann mwen m t apral tande jan de koze konsa nan bouch jenn timoun. ‘Sèman konnen ou!’ se pa ti pawoli òdinè. Siman ti medam sa yo, yo toujou anba bouch, paske pa gen lòt fason pou yo ta aprann jan de koze sa yo.
M gen nan tèt mwen souvni on pawoli ki sanble tèt koupe ak pawoli sa a. M chonje lè yo te konn ap pale de on moun ki chache kont, on moun ki tilandeng, osnon de yon moun ki move zafè, on moun ki fè aksyon ki ka fè yo arete l, yon konn di “Entèl se on brave danje, reskonsab malè. Prizon konnen l.”
On moun prizon konnen, se on moun ki abitye al nan prizon, ki pa pè prizon. Konsekans al nan prizon pa fè l anyen. N a remake yo pa di ‘moun lan konn prizon’—ki ta vle di moun sa a konn jan prizon di, l ap pran prekosyon l pou l pa al twouve l nan prizon ankò. Si se prizon an ki konn moun lan, sa vle di se prizon an li menm ki abitye ak moun lan, menm jan ak on chen abitye ak on moun ki konn vin lakay mèt li: prizon an pa p fè moun lan anyen li pa atann. Lè pawòl la deplase tonbe sou ‘sèman ki konnen on moun’, se ta menm prensip la tou: sèman an pa p fè moun lan anyen… Antouka se sa nou konprann nan koze a, men fò n pran on ti tan pou n mezire fòs konparezon sa a toutbon vre.
Prizon se on kote, se on espas ki sou kontwòl otorite ki gen pouvwa pou yo voye moun yo deklare ki fè sa k pa sa al reflechi pou on dire tan. On moun ka evite pou ou pa al nan prizon, men gen moun yo konn voye vin pile pye ou espre pou ou ka fè on aksyon. Se sa k fè menm yo di “Prizon pa janm manke moun!” Epitou, ki moun ki pa chonje pawòl Gwo Moso a: “Prizon pa fèt pou chen. Se pou pechè d latè de bra balanse l fèt!?”
Sèman li menm, se pawòl. Pa pawòl konsa konsa, pawòl vaykevay. Non, sèman se on pawòl fòs, on pawòl aksyon, ki lanse avèk volonte pou konvenk moun tèl deklarasyon, tèl pwomès se laverite. Lè on moun fè on sèman, se chwa li: pyès moun pa kò fòse pyès lòt moun fè sèman. Epitou, pou on moun fè sèman, fò ou konn sèmante, fò ou konn sa pou ou di nan sèman an. Sèman gen gramè li ak tout kadans li. Lè moun ki pale Angle ap sèmante, yo ka di ‘I swear’; moun ki pale Franse a ka di ‘Je te jure’. Men, nou menm ki pale Kreyòl, lè n ap sèmante, nou pa sèvi ak mo ‘sèman’ osnon ‘sèmante’ a anndan sèman an.
Timoun piti pa t gen dwa sèmante devan granmoun, sòf si se te an jwèt. Tankou lè n te konn ap jwe ‘Ti Sourit’: — “Ti sourit!?” — “Plètil!” — “Sa ou ap manje?” — “Grenn pwa!” — “Ban m ti kal!” — “Jamè!” — “Fè sèman!” — “Vyèj pete kourèl mwen, zoupendoup!”
Nou te chante ak tout fòs nou, tout konviksyon nou. Sèman sa a pa t deranje pyès moun. Pi devan, nou t apral aprann on pakèt lòt modèl sèman. Tankou sèman an jwèt: youn ladan yo, se te ‘M mande Bondye de rat charye m, de mabouya fè lantèman m!’; on lòt se te: ‘Tonnè kraze chen!’ osnon ‘Tonnè krisboulout!’ Konsa tou, nou t apral rive nan sèman pou toutbon: ‘M mande Bondye m pa leve demen maten!’; ‘M mande Bondye m fou!’; ‘De je m pete!’ Lè sa pi rèd menm, lè y ap chache kote laverite kache, gen moun ki konn al pi lwen: ‘M mande Bondye de pitit mwen yo…!’
Se konsa nou t aprann sèmante. Gen nan nou ki pi bon ladan pase lòt. Nan ‘Tant Mezi’ (Moris Siksto), nou wè enpòtans sèman nan leve-jwenn nou. Tant Mezi t ap esplike Siksto kouman li fè on kòmè l ki pale tankou pètpèt mayi fè piblikasyon pou li: li lage on nouvèl nan bouch li, epi li mande l pou l pa repete sa. Kidonk, manmzèl oblije sèmante: “Kòm mwen mande l pou l pa repete, li fè sèman li pa p repete, men lè l ap fè sèman an, m ap voye je gade li, m wè l ap peze gwo zotèy li atè, donk ou pa mande si se on moun ki pral simen koze a nan tout lari a. Wè! Men, Moris pitit, se on bagay m konnen depi lontan, Bondye fè fanm kado sèman.”
Kidonk dapre Tant Mezi, ‘sèman konn fanm’. Men se pa sèlman on kesyon de ‘sèman konnen on moun’, men fòk moun lan konn sekrè a tou—sekrè peze gwo zòtèy pous la atè a! Antouka, sekrè pa sekrè, on moun ki renmen sèmante, moun ki toujou nan ‘Tonnè kraze!’, depi loray ap gwonde, se retire kò nou bò kote li!
Pawòl sèmante sa a gen rès dèyè li…
Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.
Atik sa a, se Roro ki te ekri l.
Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.
Ki moun
Lide toujou ap rele lòt. Yo fè l nan fason pa yo—pa tankou timoun ki pike tèt yo atè ap gade pa dèyè nan fant de janm kanbral, epi manman yo kouri dèyè yo, di yo se byen yo twò byen ki fè yo kapab ap rele lòt la. Lè on lide ap dewoule nan tèt ou, se on plezi pou ou ap rennen on seri lòt li de ki mache avèk li, k ap di ou ‘Pran m! Pran m!’ Lè lide rele lòt, se on gwo benediksyon pou on moun k ap reflechi, men fò ou gen disiplin pou ou pa kite wout ou…
Lè m t ap travay sou ‘Tout moun se moun…’ semenn pase a, anpil lide t ap pase nan tèt mwen Continue reading “M pa kanmarad ou!” »
M pa chonje ki kote m tande pawòl la—m vle di sou kilès nan diferan radyo ayisyen m abitye tande sou entènèt la, osnon anba ki bouch m pran l bò isit la. ‘Bonjou Entèl pa laverite’, se on pawòl m konnen lontan—m pa menm ka chonje depi ki lè m konnen l: kidonk m te toujou konnen l. Se on pawòl ki klè pou mwen, ki pa gen ni de ni twa sans nan tèt mwen: on sèl la: moun sa a se on moun pa gen okenn pawòl ki sot nan bouch li ki laverite. Li bay manti pou dan ri. Bay manti se metye l. Li malad. Kidonk se tè ki pou geri l—ak maladi bay manti a! Continue reading “Bonjou ‘Entèl’ pa Laverite!” »
Lòtrejou, etan m kanpe nan on ling machin nan yon estasyon gazolin, on kote gaz la on ti jan mwen chè pase lòt kote yo, ap tann tou pa m pou m foul tank mwen, m tande 2 sitwayen ki pèdi nan on kòmantè sou aktyalite nouvèl Ayiti. Ou ta di se on rezime nouvèl semenn lan mesye yo t ap bay. Koze ki te plis atire atansyon m, se lè yo te vin ap pale de ansyen direktè ONA a, Msye Sandwo Jozèf, k ap dòmi leve nan prizon depi kèk tan. Continue reading “Bwè dlo, respekte vè!” »
Anpil moun ki ret Pòtoprens pa moun Pòtoprens. Menm gen on pawòl ki ta vle fè kwè pa gen moun Pòtoprens, konmkwa tout moun Pòtoprens se ta moun vini. Men lè moun vini fè pitit on kote, timoun sa yo pa gen ni de ni twa peyi: kote yo kale a, se la yo moun. Se pou sa k fè nou gen peyi manman nou, peyi papa nou. Premye sans mo peyi a pou nou, se sans kote lonbrit nou antere, kote demanbre nou ye. Se lè nou pati, al nan peyi etranje, lide peyi vin gen sans Ayiti nan tèt tout moun.
Continue reading “Peyi m lwen, okazyon m chè!” »
Semenn pase m te anonse nou, nan fen dezyèm pati a, m konsidere va Minis Jistis ak Sekirite piblik Ayisyen an, Msye Jan-Jozèf Egzime, fè sou jounalis Vizyon 2000 la, Valeri Nima, jou Lendi 19 Janvye 2009 la, se on demach ‘dwèt bouwo’. Jijman sa a, se pa on pawòl ki tonbe konsa konsa: m ap mennen nou dèyè pawòl Minis la yo pou nou al fè pwòp konsta pa nou. Men, an menm tan n ap fè demach sa a, fò n tabli sans lapawoli ‘dwèt bouwo’ a klè pou tout moun. Continue reading “Pawòl ‘dwèt bouwo’ osnon pawòl ‘maladwa!’?” »
Akòz on tous pongongon ki te mete m kouche semenn pase a, m pa t gen chans pou m te suiv okenn nouvèl Ayiti menm. Lè m vin resi pran lari nan dimanch pou m fè on virewon, m santi m on jan etranj, konmsi m te gentan dekonnekte ak nouvèl yo…
Gen on sitwayen ki di: “CPP a 2 a zewo sou Prezidan an: apre Erik Pyè, yo pran Ti Bòb tou!” Nan kè m, m di: Nou mele! On dezyèm reponn: “Ti Rene pa bay Continue reading “Ou Kwè Yo Konn Lajan?” »





Recent Comments