Sep 26
This entry is part 2 of 9 in the series Dèyè Pawòl, Gen Pawòl
.

Gen de nouvèl (osnon zen) on moun tande ki fè ou reflechi anpil. (Nou gen on gwo chans: frè ak sè nou yo gendwa sere ou moso manje, men yo pa p sere ou moso pawòl. Kidonk, se pa okazyon pou on moun reflechi ki manke.) Lòtrejou, etan m chita nan klinik kay doktè ap tann tou pa m, gen on madanm ki vin antre epi li koumanse ap pale: “Bagay sa a rive twò lwen atò. Pou moun yo tonbe ap kidnape atò machann kann kale! Ki kote pou fanmi malere a jwenn lajan pou yo al tire l. Mwen menm, m pale fanmi m yo dèyè a, si you ladan yo ta kite yo kidnape l, li tou chire, paske m pa p gen lajan pou m voye tire l, m pa p gen senk ti wòch, alewè pou m ta jwenn konbyen mil dola …”

Pawòl « tire » a parèt on jan dwòl, men lè on moun byen gade sa fè sans: si se peye pou fanmi on moun yo kidnape peye pou li jwenn libète l, se tankou se tire yo al tire l, menm jan lè on moun gen on bagay nan plán, ou chache lajan pou ou al tire l, osnon lè ou gen on bèt kaptè pran li, se tire pou ou al tire l tou. Jan koze a pati a ban m on okazyon pou m reflechi sou rapò ki genyen ant on kaptè ak on kidnapè: Ki jan yo travay? Ki ladrès travay yo mande? Pou ki moun yo travay? Sa yo jwenn nan travay yo? Ki ris yo pran nan travay yo? …?

Lè m te timoun ap grandi, m te konnen on kaptè se te on anplwaye Lakomin, wòl li se te pou l kapte tout bèt kat pye ki pa bèt kay (sa vle di chen ak chat pa t ladan) li jwenn k ap flannen lib e libè nan lari a, kidonk li te gen dwa, li te gen pouvwa pou l mete kòd nan kou yo, arete yo. Lè kaptè a fin pran bèt la, li kondi l mennen l kay chèf katye a; e si mèt bèt la pa ta al tire l anvan l fè bren, yo fè papye bèt la, voye l al dòmi Lakomin. (Se konsa sa te konn pase lavil; andeyò sa gen dwa te konn pase on lòt jan.)

Kaptè pa janm kite kòd yo dèyè. Se kòd la ki zouti travay kaptè a. Men fò kaptè a gen ladrès tou: se pa konsa li pral annik wè on bèl jenn kochon byen gra epi l ap met lapat sou li. Fò l travay pou sa. Fò l kapab plonje dèyè kochon an pou l mete men nan pat kasav li, epi pase kòd nan kou li, osnon tou fò l bon jan maton nan lanse pou l ka voye kòd li san manke. On lòt bagay ankò: si kaptè a mal asire pye l, li gendwa pran nenpòt so kabrit–nan men kochon an. (M wè sa ak de grenn je m: kaptè bèt entelijan ap fè manje pousyè.)

Kaptè a touche pou travay li fè a. Èske se pa tèt bèt li touche? M pa konnen. Èske li gen on apwentman? M a chache konnen. Antouka, m abitye wè lajan chanje men lè mèt bèt la gen tan kouri vini anvan kaptè a kondi l mennen l kay chèf katye a. (Bouch on nonm fann, se pou l manje!)

Rapò mèt bèt ak kaptè pa janm on bon rapò. Kaptè a se otorite l ye. Ki moun ki renmen otorite? Nou sèvi ak otorite ki moun nou pou pwoteksyon nou, men nou pa janm zanmi ak otorite. Si pa gen otorite, nou pa p oblije pwoteje tèt nou kont otorite! Yo mete kaptè nan bann rara, yo fè chante sou yo. Gen on chante moun Nan Savann, Okay, fè sou on kaptè yo te rele Okseyis: “Okseyis o! Ou anraje, kite vòlè. Kou l 2 è, ou pran on kòd, ou voye sou do ou, se on bagay ou wè legliz la, ou anvi vòlè! … se on kochon ou wè nan lari a, ou anvi kenbe…” Gen on lòt kaptè li menm, ki te rele Zòm, vakabon te konn kache pou yo giyonnen l: “Zòm vòlè bèf!”

Se on bon lide, pou nou ta koumanse fè chante sou kidnapè. On bèl mizik kanaval andyable! Men fò nou ta konnen kilès kidnapè yo ye anvan. Nou konnen kidnape vle di fè dappiyanp sou on moun pou on seri rezon (tankou pou mande fanmi l lajan, osnon fòse on gwoupman fè on aksyon). Men se pa sa sèlman: kidnapè pete je timoun e kidnapè touye moun lè yo pa jwenn sa yo mande. On kidnapè, se pa on anplwaye Leta, menm si yo lonje dwèt sou kèk polis ki ta nan konfyolo soufrisken ak kidnapè. On kidnapè gendwa manm on gwoup bandi òganize, ki ba li lòd pou l al pran tèl ou tèl moun. Nan ka sa a, chèf bandi a se patwon kidnapè a. Konsa tou, on kidnapè gendwa se limenm ki bòs tèt li. Kidonk nenpòt ki moun gendwa kidnapè. Sa pa make ni sou figi l ni sou kò l.

Lè ou annafè ak kidnapè, ou pa konn kote pou ou ale. Se sèlman lè on operasyon kidnape pa mache ou konnen kilès ki te kidnapè. (Tankou lè yo te eseye pran Msye Richa Widmayè, Direktè Jeneral Radyo Metwopòl la, osnon lè yo te eseye pran de medam ki travay nan ajans vwayaj la.) Se lè sa a tou on moun ka rive konprann ki jan de rapò ki genyen ant kidnapè ak rès popilasyon an: lè on kidnapè kite yo mete men sou li, li pa gen chans pou l di priyè l, pou l rele lapolis vin sove l. Popilasyon an reyaji ak mezi fòs laperèz kidnapè yo lage nan konsyans li an.

Dèyè pawòl « kaptè » ak « kidnapè », gen de reyalite diferan ki separe ak baryè lalwa. Se sou papye sèlman nou kapab eseye kapte de pawòl sa yo ansanm.

.

bagay lakay logo

Si ou renmen koze sa a, gaye li tribòbabò.

Bookmark and Share

Atik sa a, se Roro ki te ekri l.

Tanpri, pa bliye fè on ti koutpye nan Lakay Graphics kote n ap jwenn on pakèt desen ak anpil lòt bagay sou Ayiti.


Ki moun


leave a reply

Spam Protection by WP-SpamFree

Bad Behavior has blocked 103 access attempts in the last 7 days.

Proudly using Dynamic Headers by Nicasio WordPress Design SEO Powered by Platinum SEO from Techblissonline Copy Protected by Chetan's WP-CopyProtect.