M pa chonje ki kote m tande pawòl la—m vle di sou kilès nan diferan radyo ayisyen m abitye tande sou entènèt la, osnon anba ki bouch m pran l bò isit la. ‘Bonjou Entèl pa laverite’, se on pawòl m konnen lontan—m pa menm ka chonje depi ki lè m konnen l: kidonk m te toujou konnen l. Se on pawòl ki klè pou mwen, ki pa gen ni de ni twa sans nan tèt mwen: on sèl la: moun sa a se on moun pa gen okenn pawòl ki sot nan bouch li ki laverite. Li bay manti pou dan ri. Bay manti se metye l. Li malad. Kidonk se tè ki pou geri l—ak maladi bay manti a! Continue reading “Bonjou ‘Entèl’ pa Laverite!” »
Gen de fwa ou konn wè on moun chita pou kont li on kote, epi li fè on ti souri, osnon li pete on sèl eklari. Ou ka konprann se on atak foli l ap fè—“Foli pran moun tout jan”, se sa nou di—men se on souvni k ap satiyèt lespri li. On souvni, si l ta pataje l avèk ou, ou menm tou, ou ta pete pwòp eklari pa ou, paske souvni sa a, ta bay machin memwa pa ou on kout mannivèl, fè l pati tankou on chen fou ki te chita nan on nich fonmi, osnon on chwal galipòt k ap boulinen nan gran savann, apre li fin plen pans li… Fò ou konn la pou ou al la, Timal! Continue reading “Tan ale, tan pa tounen… men nou gen souvni” »





Recent Comments