Lide toujou ap rele lòt. Yo fè l nan fason pa yo—pa tankou timoun ki pike tèt yo atè ap gade pa dèyè nan fant de janm kanbral, epi manman yo kouri dèyè yo, di yo se byen yo twò byen ki fè yo kapab ap rele lòt la. Lè on lide ap dewoule nan tèt ou, se on plezi pou ou ap rennen on seri lòt li de ki mache avèk li, k ap di ou ‘Pran m! Pran m!’ Lè lide rele lòt, se on gwo benediksyon pou on moun k ap reflechi, men fò ou gen disiplin pou ou pa kite wout ou…
Lè m t ap travay sou ‘Tout moun se moun…’ semenn pase a, anpil lide t ap pase nan tèt mwen Continue reading “M pa kanmarad ou!” »
M konn tande reklam sou radyo ann Ayiti pou on pwodui yo rele Idòl. Nan youn nan reklam yo, on dam di:
Idòl fè m bèl, li fè m klè. Bref, li fè m pwòp.
Nan yon lòt reklam, gen on nèg ki di:
Si m di chanpou, savon, benduil, krèm Idòl, se bagay ki sot ann Ewòp, donk yo pa ka pa bon. Èske se djòlè?
Gen de kwa pou nou reflechi.
- Nou ka wè ‘fè m klè’ tankou on pawòl ki vin kore ‘fè m bèl Continue reading “Reklam Idòl” »
Semenn pase m te anonse nou, nan fen dezyèm pati a, m konsidere va Minis Jistis ak Sekirite piblik Ayisyen an, Msye Jan-Jozèf Egzime, fè sou jounalis Vizyon 2000 la, Valeri Nima, jou Lendi 19 Janvye 2009 la, se on demach ‘dwèt bouwo’. Jijman sa a, se pa on pawòl ki tonbe konsa konsa: m ap mennen nou dèyè pawòl Minis la yo pou nou al fè pwòp konsta pa nou. Men, an menm tan n ap fè demach sa a, fò n tabli sans lapawoli ‘dwèt bouwo’ a klè pou tout moun. Continue reading “Pawòl ‘dwèt bouwo’ osnon pawòl ‘maladwa!’?” »
Gen de fwa ou konn wè on moun chita pou kont li on kote, epi li fè on ti souri, osnon li pete on sèl eklari. Ou ka konprann se on atak foli l ap fè—“Foli pran moun tout jan”, se sa nou di—men se on souvni k ap satiyèt lespri li. On souvni, si l ta pataje l avèk ou, ou menm tou, ou ta pete pwòp eklari pa ou, paske souvni sa a, ta bay machin memwa pa ou on kout mannivèl, fè l pati tankou on chen fou ki te chita nan on nich fonmi, osnon on chwal galipòt k ap boulinen nan gran savann, apre li fin plen pans li… Fò ou konn la pou ou al la, Timal! Continue reading “Tan ale, tan pa tounen… men nou gen souvni” »





Recent Comments