Semenn pase m te anonse nou, nan fen dezyèm pati a, m konsidere va Minis Jistis ak Sekirite piblik Ayisyen an, Msye Jan-Jozèf Egzime, fè sou jounalis Vizyon 2000 la, Valeri Nima, jou Lendi 19 Janvye 2009 la, se on demach ‘dwèt bouwo’. Jijman sa a, se pa on pawòl ki tonbe konsa konsa: m ap mennen nou dèyè pawòl Minis la yo pou nou al fè pwòp konsta pa nou. Men, an menm tan n ap fè demach sa a, fò n tabli sans lapawoli ‘dwèt bouwo’ a klè pou tout moun. Continue reading “Pawòl ‘dwèt bouwo’ osnon pawòl ‘maladwa!’?” »
Gen de nouvèl (osnon zen) on moun tande ki fè ou reflechi anpil. (Nou gen on gwo chans: frè ak sè nou yo gendwa sere ou moso manje, men yo pa p sere ou moso pawòl. Kidonk, se pa okazyon pou on moun reflechi ki manke.) Lòtrejou, etan m chita nan klinik kay doktè ap tann tou pa m, gen on madanm ki vin antre epi li koumanse ap pale: “Bagay sa a rive twò lwen atò. Pou moun yo tonbe ap kidnape atò machann kann kale! Ki kote pou fanmi malere a jwenn lajan pou yo al tire l. Mwen menm, m pale fanmi m yo dèyè a, si you ladan yo ta kite yo kidnape l, li tou chire, paske m pa p gen lajan pou m voye tire l, m pa p gen senk ti wòch, alewè pou m ta jwenn konbyen mil dola …” Continue reading “Soti Nan Kaptè Tonbe Nan Kidnapè” »
Akòz on tous pongongon ki te mete m kouche semenn pase a, m pa t gen chans pou m te suiv okenn nouvèl Ayiti menm. Lè m vin resi pran lari nan dimanch pou m fè on virewon, m santi m on jan etranj, konmsi m te gentan dekonnekte ak nouvèl yo…
Gen on sitwayen ki di: “CPP a 2 a zewo sou Prezidan an: apre Erik Pyè, yo pran Ti Bòb tou!” Nan kè m, m di: Nou mele! On dezyèm reponn: “Ti Rene pa bay Continue reading “Ou Kwè Yo Konn Lajan?” »




Recent Comments